KILÈ LALWA DI GEN KONSANTMAN NAN RELASYON SEKSYÈL ?

KILÈ LALWA DI GEN KONSANTMAN NAN RELASYON SEKSYÈL ?

Nan relasyon 2 moun depi pwal gen relasyon seksyèl konn toujou gen ti kapris , anpil fwa depi kapris la rive two lwen li konn rizèz tou.

Nan bagay sa li konn vrèman difisil pou wè si se kapris , si se rizèz e si fanm nan ou gason an gen konsantman tout bon vre. Nan limit sa gen gwo risk pou tonbe nan vyòl siw pa metrize si patnèw ou patnèz ou kaprisye ou pa.

Pou gen fè bagay san pa gen vyòl ou agresyon seksyèl fòk gen konsantman. Ann gade sa ki konsantman an nan dwa :

 

Konsantman

Nosyon konsantman an matyè agresyon sesyèl se yon akò volontè ke yon moun bay a patnè ou patnèz li nan moman yap patisipe nan yon aktivite seksyèl. Konsantman seksyèl la dwe vin volontèman. Si yon moun pè, gen presyon ki fèl pa ka reaji menm lèl reziye’l dakò fè bagay, pa gen konsantman. Si yonn nan patnè yo entoksike lòt ak dwòg ak alkol menm lè moun nan ta dakò nou pa ka konsidere sa kòm konsantman. Paske lè yon moun aksepte pou li bwè alkol oubyen konsome dwòg sa pa vle di li aksepte fè bagay pou sa oubyen se li ki lakoz sa rive.

 

Vyòl ak agresyon seksyèl

Pou nou kontinye nap fè yon ti gade diferans ki gen ant vyòl ak agresyon seksyèl :

Nan dwa anpil lòt peyi yo byen defini sa ki vyòl la, e yo defini sa ki agresyon seksyèl la tou. Fòk mwen di nou pa gen pyès kote nan lalwa ayisyèn yo défini ki sa ki vyòl e kisa ki agresyon seksyèl. Sel Grenn Atik ki pale de vyol  ak agresyon seksyèl an Ayiti se Atik 278 kòd pénal la. Atik sa reprime vyòl la men Li pa di sa ki vyòl la.

Nan definisyon yo bay vyòl selon kòd penal fransè se yon zak penetrasyon seksyèl ki fèt ak vyolans, kontrent, menas, oubyen sipriz. Zak sa yo konsidere li kòm yon krim. Yon nèg ki rale kok li san konsantman yon moun ou foure li nan bouboun li, nan tou deyè li oubyen ou fose’l fè tibef pou ou se vyòl. Fok nou pa konfonn vyol ak agresyon seksyèl  ki se tout ak ki gen nati seksyèl ki komèt avèk vyolans, sipriz, men san pa genyen penetrasyon.

Si nou konsidere definisyon sa yo ak sa lalwa di, nou kapab di depi pa gen konsantman, ou fòse fi a fè bagay avèw se vyòl, kidonk kelkeswa moman an depi moun nan di kanpe kit ou potko  voye, kit ou pat ka kenbe, se kanpe, depi gen fose ladanl  gen vyòl.

 

Pwouve sa devan tribinal

Sel problèm ki pwal genyen se pwouve sa devan tribinal la, se vre gen plizyè mwayen prèv men yonn ki pi enpòtan nan zafè vyòl se prelèvman polis syantifik ki pwal gade si gen fwotman, analize pwèl, dechay, suè, anprent, tras san elatriye.

SI moun yo te komanse fè bagay deja ak konsantman sa vle di gen tras, nan sans sa kesyon prelevman pap ka sèvi prev anko menm lè  nou konnen gen lòt prèv ki pap two palpab.

Antouka menm lè lap difisil pou pwouve depiw fin fe yon ke nan dezyèm nan yo diw kanpe se kanpe, ou te mèt pwal voye yo diw kanpe se kanpe, seks mache ak konsantman depi pa gen konsantman gen vyòl e limit ki genyen antr rizèz , kapris ak lè moun nan di yon non ki fèm mens anpil.

 

Konnen kijan patnè ou a ye

Li enpotan pou chèche konnen kijan patnè ou a ye, sinon ou ka rate bon jan okazyon konsa tou ou ka fè yon zak ke lalwa pini.

Antouka map fini pou m di nou ke anbrase, karese woule ak souse tete pa vle di gentan gen konsantman pou gen plumen pou sa, malerezman !

 

C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.

Einstein.

 

Siw vle plis  eksplikasyon  ak detay sou dwa nan peyi Dayiti klike sou link sa pou like page la

https://www.facebook.com/fleremelaw/

Ou kapab tou ekri nou sou WhatsApp : 37011865

Pour toutes informations cliquez ici.

Partagez cet article

Scroll to Top
×