sabine-van-straaten-HF4Hy8jFhEY-unsplash

CHILD SUPPORT NAN DWA AYITI

Timoun ki lage san papa

An Ayiti gen yon gwo pwoblèm, kote anpil jenn fanm podiab lage ak pitit sou bwa yo, timoun sa yo gen papa e pafwa papa yo gen bon jan mwayen yo pa okipe timoun sa. Ou konn jwenn se paske nèg la marye lakay li e pi li gwòs Yon malerez deyò a, li pran swen pitit madan marye men li pa okipe sa ki deyò a. Pafwa nèg sa yo konn bay ti monnen lè lide yo di yo komsi se yon favè. Nou menm nou kont sa e li lè li tan pou lage koukourouj dèyè tout neg ki ap mache kale kò fe jennjan pandan pitit yo nan yon kwen pa ka manje menm yon pate.

 

Pretèks pa okipe timoun

Anpil neg pran pretèks pa okipe timoun paske fanm nan kite yo, oubyen fanm nan al kouche ak yon lot neg, fanm nan pa oblije rete avew pou okipe pitit ou, afè fanm nan se pal Li bay moun li vle li, se pitit ou lage nan kòsay Li a pou w okipe. Nan tan nap viv la, Jenn fanm fòk ou kale jew, souke kòw, met grenn, met fanm nan fanm ou pou fè vagabon zanzave okipe pitit yo. Kelkeswa nivo nèg la ye ni nan Politik ni nan nenpot pozisyon ou ka fel okipe pitit li. Tout tan nèg la gen plis mwayen Li pi bon e pi fasil. Gen nèg ou wè ak kòl nan kou nan lari, gwo direktè ki lè yap mache prèske pete telman yo fyè, tout pwogram yo la, men yo gen ti bebe kap kriye pou lèt nan yon kwen nan peyi a, yo gen pitit fi 10, 12 zan ki oblije nan pwostitisyon pou pran swen tèt yo, yo gen timoun yap voye tounen pou kòb lekol. Se fanm ki egare ak enbesil kap pran sa nan men yon gason. Li pa posib pou dimanch ou sou tab ap manje zwa ak madan marye ak swadizan pitit anndan e pi ti malerez ou te gwòs la paka bouyi yon maymoulen bay pitit ou gen avel la. Se Yon gwo mechanste ki nan tout rakwen peyi a ki révolte nou. Nou viv sa chak jou kòm avoka, men se inyorans fanm nou yo ki lakoz.

Jodia nou deside vin ouvè je’w jenn fanm pou kontrekare tout malandren ki te gwòs ou e ki pa okipe pitit la. Fanm ki eklere ki gen kran e ki konn sal vo pap pran sa nan men yon nèg. Se pa paske yon nèg baw ti monnen ki fè li okipe pitit li. Depil gen mwayen fok timoun nan byen viv tou. Nou ka remake m itilize mo : malandren, vagabon, sanzave nan teks sa, wi se non sa yo neg ki pa okipe pitit yo mérite kelkeswa nivo ran sosyal yo.

 

Kisa pouw fè pou neg la ka okipe pitit li

Men kisa pouw fè pou neg la ka okipe pitit li kòm sa dwa :

 

Aksyon an pansyon alimantè

Nan dwa ayisyen gen yon aksyon ki rele aksyon an pansyon alimantè, se aksyon kote ou rele nèg la devan jij pou fèl ba’w Yon montan fiks chak mwa pou okipe timoun nan. Ti pwoblem ki gen nan aksyon sa fòk ou gen avoka ki pou edew fèl byen e fòk ou peye avoka a pou sa. Gen anpil fi ki nan sitiyasyon sa malerezman ki pa gen mwayen pou peye avoka, e se sa ki fè anpil nèg ap kontinye fè yo mechanste. Men si yon moun ki nan sitiyasyon sa gen volonte li ka kanmenm aranje l pou bay Child support la.

Lèw rele neg la lajistis Li ka vini ak avoka pal tou, pandan jij la ap trete kesyon an nèg la ka di pitit pa pou li, dabitid se sa nèg yo toujou konn di devan jij men konnya papa pa gen wout pabwa paske gen lwa sou ADN, jij la ap voye fè tès ADN e nèg la paka pa aksepte yo pike l pou pran san l pou wè si pitit la pou li vre. Depi pitit la se pou nèg la jij la ap deside yon montan lajan chak mwa pou l ba ou, toutotan neg la gen plis mwayen jij la ap fè l baw plis kob.

 

Fose l peye

Sa ki pi bel la, yon moun lajistis deside bal Child support, depi li pase 2 mwa li pa peye ou ka fè komisè gouveneman an konvoke l pou fose l peye, si li pesiste li pa peye 1 mwa apre konvokasyon an komisè gouvenman an ap arete li mete nan prizon , lè l peye la lage.

Ou menm ki ap soufri ak yon pitit sou bwa w , bal la nan pye’w , jodia met Pelex baw chimen an, si ou poko gen lajan pou peye avoka pou sa, komanse fè pwojè a pou egzanp komanse trase nan sosyete nou an, gen avoka tout kote nan peyi a e yo gen konpetans pou edew, paske toutotan gen timoun ki ap mal viv, ki paka al lekol, se plis delenkans, ti kidnapè, ti volè kap genyen. Ann fòse fo papa sa yo okipe timoun yo.

 

Yon nèg pa gen dwa pa okipe pitit li pou’l alez.

Ou menm ki jenn avoka, jiris ak etidyan pwosedi Child Support Ayiti a nap jwenn li nan Yon dekrè ki rele (Décret du 14 septembre 1983 portant sur le recouvrement des créances d’aliment).

Twòp enjistis nan sosyete a . M vrèman pa ka tolere sa ann aji vit.

 

C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.

A. Einstein.

 

Siw vle plis eksplikasyon ak detay sou dwa nan peyi Dayiti klike sou link sa pou like page la

https://www.facebook.com/fleremelaw/

Ou kapab tou ekri nou sou WhatsApp : 37011865

Partagez cet article

Scroll to Top
×