charles-forerunner-3fPXt37X6UQ-unsplash

MEN KÈK DETAY SOU SOSYETE ANONIM

Lanse yon ti biznis ak plizyè moun

Yon sosyete selon Atik 1601 kòd sivil la se yon Kontra 2 oubyen plizyè moun fè, nan Kontra sa yo antann yo pou yo mete sa yo genyen ansanm pou yo ka pataje benefis la.
Si ou vle lanse yon ti biznis ak plizyè moun, lalwa peyi Dayiti rekonet 3 tip sosyete ( anonim, an non kolektif , an komandit). Mwen te pale nou deja de sosyete an non kolektif , konnya m vin pale nou de sosyete anonim.

Sosyete anonim

Sosyete anonim se yon sosyete pa aksyon ki gen règ ak prensip li. Fonksyonnan sosyete anonim yo se kòd komès la ki règle sa. Genyen tou lwa 3 Dawou 1955, dekrè 28 Dawou 1960, dekrè 16 oktob 1967 e dekrè 11 novanm 1968 ki règle fonksyonnan tip sosyete sa.
Manm sosyete anonim yo yo rele yo aksyonè, sosyete anonim nan kapab fòme selman pa ak piblik, li pa ka fèt san notè ni san ministè komès elatriye.
Kòm se Yon sosyete pa aksyon fòk genyen Yon kapital sosyal . Kapital sosyal pi piti pou fè Yon sosyete se 25 000 goud pou sosyete komèsyal, 100 000 goud pou sosyete agrikòl e endistriyèl. Fok genyen pou pi piti 3 aksyonè pou genyen sosyete anonim, dire sosyete anonim nan pa gen limit.

Kijan yo fè yon sosyete anonim

Pou etidyan nan dwa yo ak jenn avoka ki poko metrize kesyon sosyete men kijan yo fè yon sosyete anonim :
Pa egzanp si wap ouvri Yon sosyete ki gen kapital sosyal li 100 000 goud , fòk ou gen 25000 goud ki ap reprezante yon ka kapital sosyal la, se lajan kap itilize pou ouvri yon kont nan BNC selon pwosedi a.
Aprè preparasyon estati a e aprè kapital sosyal la depoze, avoka ki ap fè sosyete a pwal depoze tout dokiman yo Kay Yon notè pou otantifikasyon ak konstititif ak estati sosyete sa. Notè a ap mande onorè pou sa .
Aprè sa notè à pwal remèt dokiman yo bay avoka ki ap fè sosyete a pou ou a, e avoka a pwale ak yo nan ministè komès. Gen Yon frè sèvis ak viyèt avoka a ap gen pou peye nan ministè komès men se pa anpil kob. Aprè sa ministè komès ap bay Yon akize resepsyon.
Ministē komès bò kote pal pwal prepare yon avi ki otorize aktivite sosyete a, Avi sa se minis komès la k’ap siyen li.
Aprè preparasyon avi a ministè komès ap voye tout dokiman sosyete a nan jounal ofisyel « Le Moniteur » pou piblikasyon.
Aprè piblikasyon an fin fèt sosyete a egziste , konnya fòk gen demach nan DGI pou prezante bilan, pou kapab gen NIF, pou peye taks sou aksyon yo e pou genyen patant.

Fok gen papye siyen

Li toujou bon pou pa rantre nan fè biznis sans papye siyen. Kod komès la bay plizyè possibilite pou fè yon aktivite komèsyal. Sosyete anonim nan pwoteje enterè w, neg pa ka fè sa yo vle ak lajan’w. Nan biznis pa gen zanmitay. Atik 1126 kòd sivil la di pou tout montan ki depase 16 goud fok gen papye siyen.
Siw vle fè biznis ak 2 ou plis moun m konseye’w chache chimen Avoka w pou ede’w wè ki sosyete k’ap bon pou ou pou pa regrèt demen.
C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.
A. Einstein.
Siw vle plis eksplikasyon ak detay sou dwa nan peyi Dayiti klike sou link sa pou like page la
Ou kapab tou ekri nou sou WhatsApp : 37011865

Partagez cet article

Scroll to Top
×