gift-habeshaw-44XRowmXF24-unsplash

KOMAN OU FE YON TESTAMAN AVAN W MOURI ?

SI’W PLEN FANMIY OU GEN PLIZYÈ PITIT AK PLIZYÈ MANMAN OU PLIZYÈ PAPA E OU POSEDE BYEN M KONSEYE’W FÈ TESTAMAN’W AVAN’W MOURI. MEN KIJAN SA YE:

Anpil fwa nou tande pale de testaman m kwè anpil nan nou ta renmen konnen ki sa li ye e koman yon moun ka fè testaman’l. Yon testaman se yon ekri kote yon moun ki majè pran desizyon e presize sa li ta vle oka ou li ta mouri. Testaman gen yon jan li fèt ni nan fòm ni nan fon.

 

Kesyon ou ka poze tet ou se kisa ou bezwen pou fè testaman ?

Ou bezwen yon sel bagay fok ou sendespri nan moman wap redije ak la. Sa vle di fok tèt ou bon e fòk se pa sou presyon wal fèl.

 

Nan dwa gen 3 fòm testaman:

Gen sa yo rele testaman olograf, gen testaman otantik ou piblik e gen testaman mistik.

  1. Yon testaman olograf se yon dokiman siyen kote yon moun bay yon moun li vle byen li. Testaman olograf la pa valab si se pa moun ki fèl la ki ekri li ak men pal. Pou li di sal vle apre lanmò li. Pou fe testaman sa ou pa bezwen gen okenn fòm.
  2. Testaman mistik la se yon fomil entèmedyè ant testaman otantik la et testaman olograf la. Pou yon moun fè testaman mistik fok ou konn li e fok ou pa aveg. Se yon testaman sou yon papye apre sa ki kachte. Testaman sa nil si li pa sele e si anvlop la pa fèmen.
  3. Testaman otantik la se yon testaman ki siyen devan yon notè e 2 temwen oubyen devan 2 notè. Moun kap fè testaman an ap dikte li yonn nan 2 notè yo ap ekri. Si se yon sel notè lap fè menm bagay la, a la fen notè a ap li pou testatè a sa vle di moun kap fè testaman an ki ap siyen e 2 temwen yo tou ap siyen.

 

Eske plizyè moun ka fè testaman ansanm?

Non yon testaman se yon ak jiridik inilateral ki gen pou wè a sel volonte testatè a.

 

Eske yon moun nan testaman l ka deside bay tout byen li san li pa kite anyen pou vrè eritye li ?

Non testatè a pa ka deside bay tout byen l san li pa kite pou eritye li. Gen sa yo rele nan dwa « Reserves héréditaires et quotite disponible ». Rezèv ereditè a se pati minimal nan byen yo ki revyen a chak eritye rezèvatè yo ki se pitit defen an e desandan yo elatriye. Kotite disponib la reprezante rès patrimwan ki pa rezève ke defen an gen sou li libète total pou privilejye eritye li vle a e gratifye tout moun li vle.

 

Eske yon moun nan testaman l ka deside bay tout byen li san li pa kite anyen pou vrè eritye li ?

Non testatè a pa ka deside bay tout byen l san li pa kite pou eritye li. Gen sa yo rele nan dwa « Reserves héréditaires et quotite disponible ». Rezèv ereditè a se pati minimal nan byen yo ki revyen a chak eritye rezèvatè yo ki se pitit defen an e desandan yo elatriye. Kotite disponib la reprezante rès patrimwan ki pa rezève ke defen an gen sou li libète total pou privilejye eritye li vle a e gratifye tout moun li vle .

 

Si’w plen fanmiy ou gen plizyè pitit ak plizyè manman ou plizyè papa e ou posede byen m konseye’w fè testaman’w avan’w mouri. Men kijan sa ye.

Pi wo nou te eksplike’w sa ki kotite disponib la. Daprè lalwa peyi Dayiti men ki kantite byen ki fikse pou yon moun kap fè testaman kapab fe kado jan l vle :

  1. Si paran an mouri kite yon timoun li paka depase mwatye nan byen li, sa vle di si li fè testaman li oblije kite mwatye pou pitit li
  2. Si paran an kite 2 pitit se yon tyè nan byen yo li ka fè don ak yo.
  3. Si paran an mouri kite 3 pitit e pi plis li paka fè don nan testaman li plis ke yon ka byen li.

Ou kapab fè testaman w (jan w vle) men li pa itil anyen paske lalwa di kijan sa dwe fèt. Testaman gen fòm li dwe respekte e si pandan ou fè testaman an ou pa respete prensip rezèv obligatwa pou eritye li pap itil anyen devan lajistis e se lalwa sou kesyon siksesyon ki pwal tranche.

 

Enpotan pou jwenn yon pwofesyonel nan dwa

Siw vle fè testaman ou li enpotan pou jwenn yon pwofesyonel nan dwa ki pou ede w paske li gen jan li dwe fèt. An prensip se yon devwa avoka ak Notè a gen anvè kliyan yo pou yo respekte sekrè pwofesyonel ki fè pati entegrant pwofesyon yo a, pou kesyon testaman ou ka konfye ou bay avoka ou notè ou fè konfyans ki pou ede’w.

 

(Tout detay sou testaman nap jwenn yo nan atik 723 rive 896 kod sivil peyi Dayiti.)

 

C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.

A. Einstein.

 

https://www.facebook.com/fleremelaw/

Partagez cet article

Scroll to Top
×