sieuwert-otterloo-aren8nutd1Q-unsplash

KAY KOTEW RETE A SI MARI’W OU MADANM OU MOURI ESKE ERITYE LI YO KA METE’W DEYÒ ?

Siw marye, mari ou ou madanm ou vin mouri. kay kote ou abite a menm lè madanm ou mari ta gen lòt eritye, menm lè kay sa nèg la ou fanm nan te genyen l anvan maryaj, ou pa bezwen pè eritye madanm nan ou mari a paka mande’w pou separe byen sa konsa konsa.

 

Apre lanmò mari ou ou madanm ou ni kay la ni mèb ki ladanl, ni depandans se ou kap jui yo jiskaske w mouri oubyen remarye oubyen plase.  Eritye pa ka vin ba’w bri konsa joskaske ou mouri.

 

Men otomatikman ou remarye, ou plase pou tout moun konnen, kay sa oblije separe ak eritye epou ou epouz ou.

 

Si kay la se pou nou 2, sa vle di se nou 2 kite travay pou konstwi li e konjwen ki mouri a genyen lot pitit oubyen lot eritye, legalman nou oblije separe byen an siw remarye oubyen plase.

 

Si kay sa se te pou mari’w ou madanm ou li ye selman, si se yon byen mari ou madanm te gen anvan maryaj, apre lanmò konjwen ou wap ret ladanl, men depiw remarye oubyen plase pou moun konnen eritye nèg la oubyen fanm nan ka egzije w met pye w deyò plop plop.

 

Lèm di w ap ret nan kay la apre lanmo madanm ou ou mari w ou a san pwoblèm nan, pa bliye, otomatikman ou mouri si kay sa se te byen mari’w ou madanm ou te gen anvan maryaj, eritye paw pa eritye ladanl se eritye mari w ou madanm ou kap separe byen sa antre yo.

 

Bagay rejim matrimonyal yo chanje depi 9 avril 2020 , anpil koze . M baw garanti sou paj sa wap konn tout bagay.

 

C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.

A. Einstein.

 

https://www.facebook.com/fleremelaw/

Partagez cet article

Scroll to Top
×