naomi-hebert-MP0bgaS_d1c-unsplash

KI DELE OU GENYEN POU W KITE KAY OU RETE A ?

KISA KI KONJE LOKASYON AN LÈ OU LWE KAY? KOMAN KONJE LOKASYON KALKILE?

 

Plizyè fason ou ka lwe kay

Gen plizyè fason ou ka lwe kay nan men yon pwopriyetè :

ou ka lwe kay la ak yon kontra ki limite sa vle di kontra a mansyone pou konbyen tan ou lwe Kay sa e konn gen Atik nan kontra sa ki make non renouvlab.

Ou ka lwe Kay la tou san papye siyen oubyen san pa gen atik non renouvlab nan kontra a e tou pa gen pyes kote ki ekri ki di kilè pou kite kay la. Nan ka sa si pwopriyetè à bezwen kay li li dwe ba’w konje lokasyon.

 

Sans mo konje lokasyon an

Konje lokasyon an vle di pwopriyetè à dwe ba’w yo delè pou soti nan kay la. Se lalwa ki detèmine delè sa. Si se yon kay pou’w rete ou te lwe, pwopriyetè à dwe ba’w konje lokasyon pou pi piti 2 lane pou pi plis 4 lane. Si se te pou biznis ou te lwe Kay la lalwa di pwopriyetè a dwe ba’w Yon delè pou pi piti 3 lane pou pi plis 5 lane.

Pa bliye konje lokasyon sa dwe valide pa jij de pè kote kay la ye a e tout pandan konje lokasyon an fok ou peye kay la menm pri ou abitye peye li a.

 

C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.

A. Einstein.

 

https://www.facebook.com/fleremelaw/

Partagez cet article

Scroll to Top
×