samuel-ramos-RXVfrhCswCQ-unsplash

SI’W NAN YON TRAVAY OU TONBE MALAD ESKE MET TRAVAY LA KA REVOKE’W POU SA ?

Depi w ap travay nan yon enstitisyon prive nan peyi Dayiti ou tonbe malad lalwa di kijan sa dwe regle, gen kèk fòmalite ki dwe respekte.

 

Dwa a 15 jou konje maladi

Daprè kòd travay peyi a, Yon anplwaye  gen dwa a 15 jou konje maladi  chak ane e se setifika medikal pou’l bay pou benefisye anvataj sa. Si travayè a poko gen 1 lane nan travay la li gen dwa a yon konje maladi ki kalkile pwoposyonelman a dire sèvis li bay deja.

 

Obligasyon pou bay setifika medikal

Depi ou malad lalwa fèw obligasyon pou bay setifika medikal kote w’ap travay la. Si se nenpot ki doktè ki fè Sétifika medikal la pou ou yo kapab deside pa fè li konfyans e lè sa se yon sèvis sante piblik ki pou ba’w sètifika sa ki ap  endike ke w malad ou  pa ka travay.

 

Sispansyon tanporè

Si maladi ou fè a dire plis pase 3 mwa, enstitisyon ki ba’w travay la ka koupe Kontra travay la sa vle di li ka revoke’w pandan lap peye’w 15 jou konje maladi selman ak tout lòt prestasyon ou gen dwa a yo.

( Atik 35, Atik 131 kod travay peyi Dayiti).

 

C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.

A. Einstein.

Siw vle plis  eksplikasyon  ak detay sou dwa nan peyi Dayiti klike sou link sa pou like page la

https://www.facebook.com/fleremelaw/

Ou kapab tou ekri nou sou WhatsApp : 37011865

Partagez cet article

Scroll to Top
×