neal-e-johnson-iLNKpdI0Pzg-unsplash

RESPONSABILITE GASON DEVAN LALWA NAN KA VYOLAN SOU FANM ANSENT AK REFIZE OKIPE FANM ANSENT LA

  • SI YON NÈG BAT YON FANM ANSENT JISKASKE PITIT KI NAN VANT FI A MOURI ESKE LI FÈ KRIM ?
  • ESKE YON FANM KA POTE PLENT POU YON NÈG KI ANSENT LI POU NÈG LA PRAN SWEN LI ?
  • KI ESTATI JIRIDIK YON ANBRIYON OUBYEN YON FŒTUS ?

Estati jiridik fœtus la oubyen embryon an

Pou nou ka byen konprann kesyon sa yo an nou komanse dabò gade estati jiridik fœtus la oubyen embryon an. Nan dwa Ayisyen estati anbryon an yon ti jan flou. Atik 19 konstitisyon an fè konnen ke leta dwe garanti respè lavi men li pa di ki kote lavi komanse.

Nan dwa modèn yon timoun gen pèsonalite jiridik lèl fèt e fòk li fèt vivan e vyab. Toujou nan dwa modèn lè yo di anbryon an pa gen pèsonalite jiridik la sa pa vle di tou ke gen absans total de pwoteksyon.

Si nap founi je gade konvansyon enteramerikèn dwa moun ki ratifye pa Ayiti , nan Atik 4 li fè konnen ke tout moun gen dwa a lavi et Li di dwa sa komanse depi nan konsepsyon lavi a. Kontreman ak sa anpil jiris  konn di, mwen menm m  pa konsidere paske  proteksyon an komanse depi nan konsepsyon an se yon pèsonalite jiridik fetis la genyen pou sa. Evantyelman nou ta ka konsidere fetis la kòm yon objè jiridik ki ka gen dwa  privé ou piblik.

Ann ale pi lwen pou nou konprann, eske si pa egzanp yon nèg bat yon fanm jiskaske pitit ki nan vant fi a tonbe eske nap konsidere neg sa touye moun ?

 

Vyolans sou fanm ansent

Antouka lalwa penal an Ayiti pa estatye sou sanksyon penal si yon moun fè yon fetis mal, fetis oubyen anbryon an pa yon pesonn jiridik li pa ka viktim tou. Yap kondane nèg la pou kou ak blese. Si Yon nèg gwos yon fanm Li pa bay fi manje à koz mank vitamin fœtus la tonbe, fi a pa ka pousuiv nèg la pou krim sou fetis la.

 

Vyolans sou fanm ansent ak dwa konpare

Dwa ayisyen an trè pòv sou anpil sijè ki enpotan, li mérite pou li anrichi plis, se feblès dwa nou an ki fè anpil fwa nou chwazi metòd konparativ pami metòd rezonnman jiridik yo pou nou fè limyè sou kek kesyon dwa. Nou konnen nan metòd konparativ la tou gen 2 dimansyon, dimansyon tan ak dimansyon espas. Nan ka sa nap plis chita sou dimansyon espas la kote nou pwal gade nan peyi ki gen menm sistèm jiridik avek nou koman yo trete kesyon anbryon oubyen fetis la.

An Frans pa egzanp te gen yon neg ki te bwè anpil tafya ki tap kondui machin. Li al frape yon fanm ansent 6 mwa, fanm nan blese e li tou pouse pitit la ki pa viv. E se aksidan an ki koz. Fanm sa deside pousuiv chofè a pou krim li fe kont pitit li. Lakou dapel an Frans nan yon arè 3 sektanm 1998 kondane chofè a pou blese li blese fi a e li konsidere paka gen omisid sou yon fetis, nan kad entepretasyon strik de kòd pénal peyi sa ka gen omisid sou yon timoun kèl ap bat lè l fèt e ki ap respire.

Se klè Yon fœtus pa gen pèsonalite jiridik. Pandan fetis la nan vant li poko moun, nou pa ka egzije pretandi papa a pran swen yon anbriyon.

 

Plent yon fanm ki gwòs pou mande nèg la pran responsabilité

Yon fanm pa ka egzije yon gason pran swen pitit nan vant. Paske Li poko pitit, anyen tou pa di sa ki nan vant ou an se pou moun ou di a. Tout tès pwal fèt apre li fin fèt.

Le w ekri pou pote plent pou yon nèg ki ansent ou eske ansent lan se yon enfraksyon ? Répons lan se non depi Li pat vyole w e si li te fè vyolans sou ou ou vin ansent se pa swen ou tap mande li pran se arestasyon, prizon. Lè ou al nan biwo nèg la oubyen ekri siperyè yerachik li, objè demand ou a se kisa ? Pou neg la marye ave’w ? Pou li okipe pitit li ? Pou li pran swen ou ?

Antouka si se sou kesyon moral se yon lot bagay men jiridikman plent yon fanm ki gwòs pou mande nèg la pran responsabilité li pa chita sou anyen.

Lè ou fin  akouche pitit ou a vin gen yon pèsonalite jiridik, ou kapab  entante yon aksyon an pansyon alimantè kont neg la. Lè sa si pitit la pou li lalwa ap egzije li pran responsabilite li.

 

C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.

A. Einstein.

Pou plis detay  ou ka rele nou nan 37011865.

https://www.facebook.com/fleremelaw/

Partagez cet article

Scroll to Top
×