luke-stackpoole-eWqOgJ-lfiI-unsplash

KILÈ YON APANTAJ LEGAL ? KIJAN LI DWE FÈT ? KILÈ YON AK APANTAJ OTANTIK ?

Anpil nan nou achte tè e nou konn fè apantè li pou nou men tou  gen anpil nan nou  ki pa konnnen vreman kisa ki apantaj la e kilè li legal  se pou sa avèk plezi nou vin baw ti eksplikasyon sa.

 

Yon pwosesis pou mezire yon teren

Apantaj la se yon pwosesis ke yon apantè fè poul mezire, dokimante dimansyon, delimitasyon ak sifas yon teren. Apantaj la gen ladan’l tout analiz istorik teren an e li detèmine pouki itilizasyon teren sa ye.

 

Kisa ki ak apantaj la?

Ak apantaj la se yon papye ki sètifye delimitasyon teren an, li konfime kiyès ki vwazen e li gen ladanl yon analiz istorik teren an. Nan ak apantaj la genyen desen teknik teren ak selon mezi distans yo ang yo. Nan papye a sa yo rele pwosevèbal apantaj la ap genyen non apantè ki komin, ki jiridiksyon, non mèt teren an, orijin teren an, lap mansyone tou otorizasyon yo, sipèfisi, bòn elatriye.

 

Ki pwosedi ki trase pou apantaj la fèt pou li bon ?

  1. Fok apante a jwenn otorizasyon nan men dwayen tribinal sivil zòn li an, oubyen komisè gouvenman an, papye apantè a bezwen pou otorizasyon sa se ansyen ak apantaj teren an, tit pwopriyete, resepise DGI ;
  2. Apantaj pa konn fèt san vwazen yo pa okouran, lalwa di se yon sitasyon kote yon isye ap voye bay chak vwazen pou fè yo konnen pwal gen apantaj teren ki vwazen l lan. Ou pa ka rete konsa ou voye di vwazen demen wap apante fok gen yon delè 8 jou ;
  3. Operasyon apantaj la ;
  4. Anrejistreman ak la nan «direction de l’enregistrement et de la conservation foncière» ki nan DGI ;

Papye orijinal ak ak resepise DGI a kole avel ap rete nan biwo apantè a, apre sa yon ekspedisyon ak la ap gen kopi resepise DGI a pwal aneksye avèk ak vant lan pou mèt teren an.

 

Komin kopetans apantè a

Fòk mwen di nou yon apantè pa ka sot nan yon lòt komin pou vin fè apantaj nan yo komin ki pa komin kote li otorize pou li fonksyone. Li ka fè sa selman si li fèl akonpaye ak yon lòt apantè ki otorize pou fonksyone nan komin kote teren an ye a men se sou otorizasyon dwayen tribinal sivil ki konpetan an.

 

Opozisyon apantaj

Si ou gen teren ou, ou wè yo vin apante li ou ka fè opozisyon apantaj la, se pa baton ak wòch non pou pran lè sa se depi w parèt ou di apantè a ou fè opozisyon li dwe kanpe apantaj la. Yon moun pa bezwen ni tit , ni papye pou fè opozisyon a yon apantaj bouch li sifi.

Na ka sa moun ki fè opozisyon an gen 15 jou devan l pou li ale nan tribinal de pè kot byen an ye a e nan sans sa gen plizye opsyon:

  • Si jij la dakò opozisyon an apantaj sa ap kanpe e pati yo pwal pote kesyon an devan tribinal premye enstans pou trete kesyon an ( verifye tit elatriye).
  • Si jij de pè a rejte opozisyon an, apantaj la pwal kontinye, apantè a pap gen pou refè tout demach yo ankò.
  • Si moun ki fè opozisyon an kite pase 15 jou san li pa fè anyen apantè a pwal rekomanse a zewo, poul reprann otorizasyon elatriye…

Depi nou wè yon apantè remèt nou yon ak apantaj san li pa anrejistre ak sa pa otantik.

 

C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.

A. Einstein.

Siw vle plis  eksplikasyon  ak detay sou dwa nan peyi Dayiti klike sou link sa pou like page la

https://www.facebook.com/fleremelaw/

Ou kapab tou ekri nou sou WhatsApp : + 509 3701 1865

Partagez cet article

Scroll to Top
×