KRIM PASYONEL PA EGZISTE PYÈS KOTE NAN LALWA

KRIM PASYONEL PA EGZISTE PYÈS KOTE NAN LALWA

Fanm kom byen prive

Plizyè fwa nou ka tande yon nèg oubyen yon fanm touye mennaj li, mari li, madanm li poutèt jalouzi. Bagay sa rive anpil deja nan sosyete nou an. Nan dènye jou sa yo se chak semèn ou tande nèg touye fanm pa jalouzi. Gen nèg ki vin jwenn yon lòt nèg lakay yo ap fè bagay ak madanm yo, yo touye nèg la. Gen lòt ki touye fanm nan pou yon ti kout fil oubyen si li jwenn fi a ap pale ak yon nèg. Gen fanm ki pwayade lòt fanm nan fè jalouzi e ki touye nèg tou. Anpil nèg jounen jodia konsidere fanm kòm byen prive yo ke yo achte pou lajan yo.

 

Krim pasyonèl nan lalwa

Sa vin fè anpil moun panse yo gen dwa touye paske se krim pasyonèl. Ann fè yon ti founi je gade kisa lalwa di nan sa.

Atik 269 kod penal la di pa gen okenn ekskiz pou yon mari ki touye madanm li oubyen yon madanm ki touye mari Li. Menm Atik la di tap gen ekskiz selman si lavi mari oubyen madanm nan ki fè zak la ta an danje nan moman an.

Anvan lane 2005 Atik 285 kod penal la te konsidere adiltè yon fanm kòm yon deli , depi mari yon fanm te konvenki li fè adiltè li te ka fè kondane Li ant 3 mwa a 2 lane prizon. Toujou anvan lane 2005 atik 287 kod penal la te di si gason an rantre yon lòt fanm nan kay madanm li depi madanm nan te pote plent gason an tap gen pou peye sèlman yon amand 100 goud à 400 goud.

Men nan dat 6 dawou 2005 prezidan Boniface Alexandre te pran yon dekrè kote Li aboli Atik sa yo nan kòd penal la. Se Sou baz Atik sa yo nou ta di si yon mari ta kenbe madanm li oubyen yon nèg ta kenbe mennaj li an flagran deli ap fè bagay ak yon lot nèg, si li ta touye l li ta ka konsidere krim sa kòm krim pasyonel ki ekskizab. Men jounen jodia atik sa yo pa la anko yo abwoje.

 

Okenn reyalite jiridik

Nan kòd penal peyi Dayiti pa gen pyès kote yo pale de krim pasyonel. Afe Krim pasyonel la kreye sansasyon, se yon bagay fim ak roman damou men pa gen pyès reyalite jirik nan sa. Dayè pa gen pyès définisyon jiridik pou krim pasyonel nan lalwa peyi Dayiti. Men sa pa anpeche ke istwa damou konstitye yon eleman pledwari, Avoka ka toujou chache mwayen pou sansibilize oditwa li. Plizyè fwa tribinal konn toujou tranche vre pou retire nan pèn yon kriminèl sou pretèks se krim pasyonèl, jij yo konn menm konsidere ke jalouzi ka fè moun nan pèdi kontwol li.

 

Chif yo nan mond lan

Nan peyi lafrans an mwayèn yon fanm mouri chak 3 jou akoz vyolans konjigal, e 41% krim sa yo se jalouzi oubyen separasyon koup yo ki koz. Daprè etid ki te mennen nan peyi sa nan lane 1990 yo jwenn 78% krim sa yo se gason ki fè yo sou fanm. Nan peyi Kanada krim konjigal reprezante 20% de tout krim ki fèt nan peyi sa e 75% krim sa yo se sou fanm yo fèt. Nan peyi tankou End, Pakistan, Bangladesh e lot peyi nan mwayenoryan yo pale de « Honour killings » (krim done). Selon Yon rapò UNPT (United Nations Population Fund) 5000 fanm ak jenn tifi mouri chak ane nan peyi sa yo, se manm fanmi yo ki touye yo pou adiltè ki vre oubyen rimè.

Nou menm an Ayiti nou pa gen rechèch ki fèt sou kesyon sa men gen anpil zak konsa ki fèt onon de lanmou.

 

Krim sa pa ekskizab

Selon lalwa peyi Dayiti yon nèg ki touye yon fanm oubyen yon fanm ki touye yon nèg pou kesyon lanmou, jalouzi, krim sa pa ekskizab. Si moun ki fè zak la ka pwouve vi li te andanje oubyen li pwouve se lejitim defans li, fè lalwa nan atik 273 kod pénal la di nan ka sa pa gen ni krim ni deli.

Kòm se medam yo ki plis viktim, mesye map di nou, wi nou ka fè jalouzi men rive nan touye medam yo se grav, yap mouri men ou menm swa w mawon oubyen w pwal fè rès vi w penitansye .

Antouka  » La violence, c’est de la violence, qu’il y ait relation intime ou non. »

Mezanmi gras pou medam yo , yo tout fèt ak tout Bouboun yo , yo se mèt li yo bay moun yo vlel si’w pa gen kè ou pa ka sipòte bat dada’w man. Aussi simple que ça.

 

C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.

A. Einstein.

 

Siw vle plis eksplikasyon ak detay sou dwa nan peyi Dayiti klike sou link sa pou like page la

https://www.facebook.com/fleremelaw/

Ou kapab tou ekri nou sou WhatsApp : 37011865

Pour toutes informations cliquez ici.

Partagez cet article

Scroll to Top
×