ux-indonesia-8mikJ83LmSQ-unsplash

MANAJMENT JIRIDIK : DIREKSYON JIRIDIK TOU LE JOU

Kisa yon direksyon jiridik fe chak jou nan yon antrepriz ? M’ap reponn nou anpil bagay ! Li pa selman yon pati nan administrasyon an kap di mèt biznis la sak legal ak sa ki pa legal.

Direksyon jiridik la prepare kontra. Se li ki mete sou papye sa de pati yo te dakò sou yo lè yo tap negosye a. L’ap veye pou kontra yo pwoteje plis yo kapab enterè antrepriz la pandan lap fè ekilib ant volonte de pati yo ki nan kontra a. Direksyon sa a ap eksplike manadjè a danje ak avantaj ki gen nan propozisyon kontra ke moun kap siyen l’ avek yo a lonje ba yo.

Li reprezante antrepriz la lè gen negosyasyon. Si toutan li pa patisite dirèkteman nan negosyasyon sa yo, li itilize lalwa pou fè negosyasyon an kapote nan bò antrepriz li a. Yo toujou bezwen direksyon jiridik la nan de ti pale kipa dire plis pase de ou twa minit le tan pou yo kle sou yon seri dout ki ka genyen sou sa lalwa di ou di pafè sou yon sijè.

Direksyon jiridik la okipe l’ de kliyan yo tou pafwa tankou yon sevis kliyantèl men se pou jere plent oswa somasyon ke yo ka voye bay antrepriz la oswa kliyan ki dwe antrepriz la lajan pou l’ eseye rekipere kob sa yo.

Li reprezante konpayi an devan direksyon travay tou pou negosye antant le gen anplwaye revoke ki pote plent devan enstitisyon sila. Li travay ak resouzimèn pou anplwaye moun nan antrepriz la ou pou revoke sa kap travay yo.

Li sevi po ant antrepriz la ak kabinè avoka kap travay pou antrepriz la. Lè diskisyon avek lot moun ou antrepriz rive jis devan la jistis, direktè jiridik la rele kabinè yo. Li ka asiste yo nan pwosè yo pou ede yo plede pi byen.

Direksyon sa  veye sou koman antrepriz la ap profite de mak fabrik li anrejistre nan Ministè komès. Li patisipe nan preparasyon asanble jeneral ki fèt chak ane.

Men sa m’ ta ka rele yo rezime…m’ di byen yo rezime sou aktivite tou le jou yon direksyon jiridik nan yon konpani. Nou wè jan gen koze pou fè !!!

 

HDIT Cabinet Volmar se fera un plaisir de vous accompagner dans la procédure d’enregistrement de votre nom commercial. Pour toutes informations cliquez ici.

Partagez cet article

Scroll to Top
×