matheus-ferrero-KuGwl8e_FDo-unsplash

𝗘𝗦𝗞𝗘 𝗬𝗢𝗡 𝗙𝗔𝗡𝗠 𝗞𝗜 𝗧𝗘 𝗠𝗔𝗥𝗬𝗘 𝗚𝗘𝗡 𝗗𝗪𝗔 𝗧𝗢𝗨𝗝𝗢𝗨 𝗜𝗧𝗜𝗟𝗜𝗭𝗘 𝗦𝗜𝗬𝗔𝗧𝗜 𝗠𝗔𝗥𝗜 𝗟𝗜 𝗔𝗣𝗥𝗘 𝗗𝗜𝗩𝗢̀𝗦 ?

Nou ka remake anpil moun ki marye toujou pote siyati mari yo. Ann gade ansanm kisa lalwa di sou sa pandan nap eseye gade si fanm marye a gen dwa pote non mari li otomatikman ? eske se yon obligasyon ? E Si yon fanm marye pa vle pote siyati mari li ki konsekans legal sa ka genyen ?

 

Yon koutim

Fòk mwen di nou nan peyi Dayiti pa gen okenn teks lwa ki oblije fanm Ayisyèn ki marye pote siyati mari yo. Men koutim vin konble absans lalwa. Nan zafè koutim m vle di nou gen koutim « Praeter Legem » e gen koutim « secundum legem »

koutim «  praeter legem » nan se koutim ki devlope e aplike lè pa gen soliston legal li vini pou  rezoud yon pwoblèm. Men li diferan de koutim « secundum legem » ki li menm aplike an vèti de lalwa. Koutim praeter legem nan vle ke fanm marye a pote siyati mari yo. Fanm marye a ka toujou konsève siyati pal e ajoute siyati mari li ladanl.

 

Yon dwa pa yon obligasyon

Fanm nan gen dwa sa, pou li met siyati mari li dèyè non l men se pa yon obligasyon. Si li pa mete li sa pa gen okenn konsekans jiridik sou maryaj la men si li vle li ka mete li selon koutim praeter legem.

 

Men si fi a pote siyati mari li apre li vin divòse eske li ka toujou kenbe siyati sa?

Depi gen maryaj, ak maryaj la se dokiman ki ateste inyon lejitim epou yo. Men depi  maryaj la pa la ankò ak maryaj la pa gen okenn valè. Sa vle di fanm nan pa gen dwa ankò pou li itilize siyati mari li, lap oblije chanje tout papye li pou li reprann non li.

Si fi a kontinye itilize siyati mari li apre divòs, gen yon jirispridans ki bay nèg la dwa sezi tribinal e menm reklame pou fi a dedomaje li pou tèt li itilize siyati li apre divòs.  nou ka jwenn referans sa m di nou la nan nòt 1 ki anba atik 287 kod sivil anote pa Abel Nicolas Leger e ki nan kòd sivil ki anote pa Menan Pierre Louis a tou. Nan atik 2 lwa 10 me 1920 ke nou ka jwenn anba atik 287 kod sivil m sot pale nou la di fanm nan pèdi otomatikman dwa pou li itilize siyati mari li apre divòs.

 

Avantaj pou yon fi itilize non mari li

M panse gen anpil medam kap li teks sa kap mande si gen yon avantaj pou yon fi itilize non mari li, fòk mwen di nou jiridikman pa gen okenn teks nan dwa nou an ki pale de avantaj ki gen nan sa. Men sou plan relijye, sosyal konn gen yon fyète pou yon fanm marye pote siyati mari li e gen anpil mari tou ki menm konsidere se yon mank de respè si fi a pa pote siyati yo.

 

Gason an pa ka pote siyati madanm li tou ?

Pandan nap ekri ti teks sa gen fi ki ka ap di poukisa gason an pa ka pote siyati madanm li tou,  nan dwa nou an pa gen okenn kote ki di sa ka fèt e nan koutim nou pa gen sa tou. Bref medam feminis yo repons lan se non yon neg pa ka pote siyati madanm li apre li fin marye.

 

C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.

A. Einstein.

  • 𝗙𝗮𝗰𝗲𝗯𝗼𝗼k en cliquant sur le lien suivant : https://www.facebook.com/fleremelaw/
  • 𝗧𝘄𝗶𝘁𝘁𝗲𝗿 en cliquant sur le lien suivant : https://mobile.twitter.com/pflereme
  • 𝗜𝗻𝘀𝘁𝗮𝗴𝗿𝗮𝗺 en cliquant sur le lien suivant: https://www.instagram.com/pflereme
  • 𝗟𝗶𝗻𝗸𝗲𝗱𝗶𝗻 en cliquant sur le lien suivant : http://linkedin.com/in/pelex-flereme-87692735
  • 𝐘𝐨𝐮𝐭𝐮𝐛𝐞 en cliquant sur le lien suivant : https://youtube.com/channel/UCW3edPlGe4ndftrsSWgO2Lw
  • 𝐓𝐢𝐤𝐭𝐨𝐤 en cliquant sur le lien suivant: https://vm.tiktok.com/ZM8QxWQ6D/

Partagez cet article

Scroll to Top
×