Kisa yon patant ye ?
Anpil fwa nou tande pale de patant e gen biznis nou ale ladan yo, nou toujou wรจ nan mi biznis lan patant sa ki atache. Nan dwa fiskal yon patant se yon otorizasyon DGI delivre bay yon moun ou yon biznis pou li kapab egzรจse yon aktivite komรจsyal , yon aktivite endistriyรจl, oubyen yon sรจvis. Yo rele patant lan tou “contribution des patentes”.
Pou egzรจse aktivite komรจsyal, endistriyรจl ak pou vann yon sรจvis fok ou gen patant e se nan komin wap egzรจse a wap peye. Lรจ taks sa peye, 80% ladan’l se pou komin nan e 20% se pou leta ( Atik 1 dekrรจ 28 sektanm 1987 ki te modifye la lwa 10 jen 1996 sou patant).
Si ou gen yon biznis ki gen plizyรจ sikisal nan peyi a, chak sikisal yo dwe gen patant pa yo e lรจ wap peye patant lan se nan DGI kote sikisal la ye a pou peye.
Men kek antrepriz ak kรจk moun lalwa di ki pa bezwen gen patant :
- Etablisman piblik ak biwo leta ki ap fรจ aktivite kiltirel, edikatif, sanitรจ, sosyal, espotif, ou touristiquesย ;
- Anplwaye ki gen salรจ ki ap travay pou moun ou pou Yon antreprizย ;
- Travayรจ latรจ, elvรจ, pechรจ ki le yap vann pwodui yo ki pa transfรฒme yoย ;
- Koperativย ;
- Atis Pent, desinatรจ ki vann selman pwodui yoย ;
- Otรจ (ekriven), konpozitรจ, mizisyen, chantรจ, koregraf, dansรจ, aktรจ, pwodiktรจ sinema elatriye. (Atik 4 lwa sou patant).
Men Kรจk Pwofesyonel ki oblije gen patant pou yo fonksyone :
- Avoka ;
- Medsen ;
- kontab ;
- Enjenyรจ ;
- Achitek ;
- Apantรจ ;
- elatriye.
Patant la dwe peye ant premye oktob e 15 desanm ane enpozisyon an (Atik 15 lwa sou patant). Sa yo rele dwa fiks patant lan ou ka pase nan nenpot ki DGI yap ba ou montan an. Si ou vle gen patant ou pa bezwen al nan raketรจ fรจ manje lajanw pou gran mesi.
Nan kek peyi men kijan kesyon patant lan ye :
Nan peyi Cameroun kontribisyon patant lan etabli an fonksyon chif dafรจ ane ki anvan an. Kob Enpo sa se pou kolektivite lokal yo.
Nan peyi Djibouti patant lan gen yon dwa fiks varyab selon kote ak selon gwosรจ antrepriz la e yon dwa varyab pwoposyonel ak Valรจ lokasyon etablisman an.
Nan peyi lafrans yo te vini ak bagay patant sa an 1791 men nan lane 1975 yo retire bagay sa e yo ranplase l pa sa yo rele taks Pwofesyonel. Nan lane 2010 yo elimine taks Pwofesyonel la yo ranplase l pa kotizasyon ekonomik teritoryal.
Eske pwostitye yo peye kontribisyon patant?
Nan peyi Almay Majistra vil Bonn takse medam ki sou twotwa yo, e medam sa yo rapote meri sa 250 000 Ero chak ane. Nan peyi Beljik nan yon vil ki rele Saint-Josse depi yon moun ap lwe kay pou fรจ pwostitisyon Majistra ร takse ou 3 fwa la valรจ li konn takse lot aktivite. Nan vil Briksรจl toujou Beljik yo takse pwostitye yo tou e kob sa se fon espesyal pou ede fanm ki viktim vyolans. An Ayiti m pa kache di nou si Leta ta vle bay medam sou twotwa yo patant li tap rantre bon ti kob paske m wรจ y’ap pi plis chak jou.
C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reรงu.
A. Einstein.
- ๐๐ฎ๐ฐ๐ฒ๐ฏ๐ผ๐ผk en cliquant sur le lien suivant : https://www.facebook.com/fleremelaw/
- ๐ง๐๐ถ๐๐๐ฒ๐ฟ en cliquant sur le lien suivant : https://mobile.twitter.com/pflereme
- ๐๐ป๐๐๐ฎ๐ด๐ฟ๐ฎ๐บ en cliquant sur le lien suivant: https://www.instagram.com/pflereme
- ๐๐ถ๐ป๐ธ๐ฒ๐ฑ๐ถ๐ป en cliquant sur le lien suivant : http://linkedin.com/in/pelex-flereme-87692735
- ๐๐จ๐ฎ๐ญ๐ฎ๐๐ en cliquant sur le lien suivant : https://youtube.com/channel/UCW3edPlGe4ndftrsSWgO2Lw
- ๐๐ข๐ค๐ญ๐จ๐ค en cliquant sur le lien suivant: https://vm.tiktok.com/ZM8QxWQ6D/