Legislatรจ ayisyen yo konsidere nou gen 2 degre jiridiksyon menm Jan ak peyi Lafrans. Prensip doub degrรฉ jiridiksyon an se yon garanti kont erรจ jij yo ka fรจ nan premye jijman an, Li pรจmet tout jistisyab ki pa satisfรจ de premye desizyon an pou mande rejije dosye yo a nan yon jiridiksyon ki pi wo.
Jiridiksyon premye degre yo
Jiridiksyon premye degre yo egzamine pou premye fwa litij yo e yo rann yon desizyon. Yo divize an jiridiksyon sivil ak jiridiksyon penal. Lรจ yo di jiridiksyon sivil se tribinal ki gen konpetans pou tranche pwoblรจm sivil yo san pa gen afรจ pรจn ladanl (kesyon tรจ, divรฒs, travay,ย vant, lwe Kay ,eritaj, elatriye). Jiridiksyon penal yo sanksyone zak sou moun, sou byen, sou sosyete a. Nan jiridiksyon penal yo ou jwenn tribinal senp polis, tribinal koreksyonel , tribinal kriminรจl elatriye.
jiridiksyon dezyem degre yo
Si gen dezako ak desizyon jiridiksyon premye degre a ou ka pote dosye a devan jiridiksyon dezyem degre tankou lakou dapรจl pa egzanp pou reegzamine litij la. Jiridiksyon dezyรจm degre yo nan desizyon pa yo kapab konfime desizyon jiridiksyon premye degre te pran an, yo kapab anile li totalman, yo kapab anile li pasyelman.
Gen Yon ti bagay nou dwe konnen se pa selman kou dapรจl ki jiridiksyon dezyem degre, gen litij ki konn pote devan tribinal de pรจ ou tribinal senp polis, si jistisyab la pa satisfรจ se tribinal premye enstans ki konn rejije li. Lรจ sa tribinal premye enstans lan ki se jiridiksyon premye degrรฉ vin jwe wรฒl jiridiksyonย dapรจl ou dezyรจm degrรฉ.
Si jistisyab la pa satisfรจ ak desizyon ki rann nan jiridiksyon dezyem degre a li ka pote afรจ a devan Kou kasasyon ki se pi gwo enstans jidisyรจ an Ayiti.
Kou kasasyon, yon jiridiksyon inik
Lide Kou kasasyon an remonte a lane 1816 avรจk piblikasyon konstitisyon repiblikรจn revize e lwa yo 1817 ak 1819 sou oganizasyon ak atribisyon li. Kou kasasyon te vin rele Kou siprรจm nan konstitisyon ki te pibliye nan lane 1950. Konnya la se konstitisyon 1987 la, kรฒd pwosedi sivil ak dekrรจ 22 Dawou 1995 ki pale de Kou kasasyon.
Kou kasasyon se yon jiridiksyon inik li, pa Yon twazyรจm degrรฉ jiridiksyon paske li pa egzamine fon kesyon yo. Li verifye si desizyon ki rann yo respekte reg dwa yo, lakou kasasyon se jij de dwa men pa jij de fรจ, se legalite li kontwole. Si kasasyon twouve yon desizyon ki rann pa respekte reg dwa yo li ka kase jijman li voye li rejije, menm apre rejije a gen posibilite pou avoka fรจ yon lรฒt rekou ankรฒ devan kasasyon, si kasasyon admรจt rekou sa, plizyรจ jij an seksyon reyini pwal egzamine fon kesyon an e tranche definitivman.
C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reรงu.
A. Einstein.
- ๐๐ฎ๐ฐ๐ฒ๐ฏ๐ผ๐ผk en cliquant sur le lien suivant : https://www.facebook.com/fleremelaw/
- ๐ง๐๐ถ๐๐๐ฒ๐ฟ en cliquant sur le lien suivant : https://mobile.twitter.com/pflereme
- ๐๐ป๐๐๐ฎ๐ด๐ฟ๐ฎ๐บ en cliquant sur le lien suivant: https://www.instagram.com/pflereme
- ๐๐ถ๐ป๐ธ๐ฒ๐ฑ๐ถ๐ป en cliquant sur le lien suivant : http://linkedin.com/in/pelex-flereme-87692735
- ๐๐จ๐ฎ๐ญ๐ฎ๐๐ en cliquant sur le lien suivant : https://youtube.com/channel/UCW3edPlGe4ndftrsSWgO2Lw
- ๐๐ข๐ค๐ญ๐จ๐ค en cliquant sur le lien suivant: https://vm.tiktok.com/ZM8QxWQ6D/