kara-eads-L7EwHkq1B2s-unsplash

TOUJOU LI KONTRA LE WAP LWE KAY

LÈ W’ AP LWE KAY PA JANM SIYEN KONTRA MÈT KAY LA BA OU A SAN’W PA BYEN GADE TOUT DETAY

Pifò moun kap viv nan peyi Dayiti se kay yo lwe, ou menm tou ki ap li teks sa, si se kay ou lwe ou sipoze pran san’w pou gade kontra mèt kay la baw  la byen anvan’w siyen. Men kèk ti bagay ou dwe siveye :

 

Lwe nan men mèt kay la ou mandatè l

Asire’w ke moun ki ap lwe’w kay la se pou li kay la ye oubyen li gen manda pou sa. Paske gen anpil moun deyò a ki ap lwe kay moun san yo pa gen dwa sa. Depi’w nan yon sitiyasyon konsa mèt kay la ka mete’w deyò tou suit.

 

Objè kontra a

Depi nan objè kontra a asire’w ke mèt kay la mete pou ki rezon li lwe’w kay la. Pa egzanp si’w lwe yon kay pou fè biznis fòk li mansyone sa paske li nan enterè’w ;

 

Pa gen kesyon delè ni konje lokasyon depi dat la rive se remèt kay la.

 

Dire kontra a, non renouvlab

Nan atik ki pale de dire kay la li vreman enpòtan pou prete atansyon a sa. Nan moman an moun ki ap lwe kay yo toujou mete li lwe w kay la pou 1 an non renouvlab, sa vle di apre 1 an fini si w vle ret nan kay la se yon lot negosyasyon pou w al fè. Pa gen kesyon delè ni konje lokasyon depi dat la rive se remèt kay la. Ou konn wè mèt kay la tou monte kay la pandan ke Lwa 14 sektanm 1947 ki te pibliye nan monitè no 83 ki te soti nan dat 22 sektanm 1947 sou  kesyon lwaye entèdi moun monte kay sou moun si pa gen gwo reparasyon ki fet, men ak mo non renouvlab la met kay la ka renegosye kay li menm lè anpil fwa se dèyè do la lwa. Si w kapab fè mete nan kontra kay wap lwe 1 an  renouvlab lap pi bon pou ou.

 

Kay pou fè biznis

Si wap lwe kay pou fè biznis pa janm aksepte kontra 1an e toujou diskite pou li renouvlab. Paske lè Biznis ou vin pran gen met kay ki ka deside mande’w kay la. Men si li renouvlab e ou te fe mansyone se pou biznis li oblije ba’w konje lokasyon. Nan sans sa  lalwa di pwopriyetè à dwe ba’w  Yon delè  pou pi piti 3 lane pou pi plis 5 lane kom konje lokasyon.

 

Kouran ak Dlo

Pou kesyon frè kouran, frè dlo gade byen si se sou kont ou yo ye.

 

Reparasyon ki potko fin fèt

Si gen kèk reparasyon ki potko fin fèt nan kay la asire’w ke met kay la mete nan kontra a sal gen pou’l fè yo.

 

Yon ti kòb down

Anpil pwoprietè konnya toujou mande yon ti kòb down pou sizanka ou ta kraze yon bagay. Asire’w ke nan kontra li mansyone ki sa kob sa ap repare e kijan kob sa ap remet. Pa egzanp si wap kite kay la  mi yo sal li pa ka pran kòb ou pou pentire.

 

Soulokasyon

Gen yon kloz nan kontra yo ki konn di ou pa gen dwa soulwe kay la, fok ou klè sou sa pou si pa egzanp ou ta vin kite peyi a oubyen ou gen kay paw.

 

Tribinal ki konpetan

Denye atik ki nan kontra a enpotan anpil paskel toujou pale de ki tribinal ki konpetan pou tranche yon pwoblèm nou genyen.

 

Bay vèbal e bay nonvèbal

Pa bliye gen sa yo rele bay vèbal e bay nonvèbal, se pa paske yon papye siyen ki fè bay la nonvèbal gen bagay ki pou gen nan kontra a pou fe bay la non vebal.  Menm lè gen kek risk pou kek responsabilite men bay vèbal toujou pi bon pou ou menm ki lokatè paske met kay la pa ka mete’w deyò konsa e li pa ka monte pri a. Si pwopriyetè à bezwen Kay li nan yon bay vèbal li dwe ba’w konje lokasyon.

 

Konje lokasyon

Konje lokasyon an vle di pwopriyetè à dwe ba’w yo delè pou soti. Se lalwa ki detèmine delè sa. Si se Yon Kay pou’w rete ou te lwe pwopriyetè à dwe ba’w konje lokasyon pou pi piti 2 lane pou pi plis 4 lane. Si  se te pou biznis ou te lwe Kay la lalwa di pwopriyetè à dwe ba’w  Yon delè  pou pi piti 3 lane pou pi plis 5 lane .

Pa bliye konje lokasyon sa dwe valide pa jij de pè kote Kay la ye a e tout pandan konje lokasyon an fok ou peye Kay la menm pri ou abitye peye li.

 

C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.

A. Einstein.

 

https://www.facebook.com/fleremelaw

 

Partagez cet article

Scroll to Top
×