KISA YON OTOPSI YE

KISA YON OTOPSI YE ?

DEPI OU GEN MOUN OU KI MOURI MÒ BAL OU LÒT MÒ SISPEK TOUJOU FÈ DEMACH POU OTOPSI KADAV LA FÈT ANVAN LI ANTERE: POUKI REZON?

Depi gen yon moun yo touye nou toujou konn tande yo fè otopsi kadav la anvan yo antere Li. Men anpil moun ap mande pou kisa yon moun mouri deja yo oblije mete kouto sou li e fann li. Otopsi oubyen egazamen post mortem ou  » necropsie » soti nan grek autopsia ki vle di an fransè  » vue par soi même » se yon egzamen obligatwa ke lajistis konn mande pou yo fè sou Yon moun ki mouri sispèk.

 

Diferans ant otopsi ak diseksyon

Genyen bon diferans ant otopsi ak sa yo rele an fransè « Dissection« . Diseksyon an se otopsi mediko syantifik ki pèmet fè diagnostik ak fè rechèch sou yon kadav . Otopsi médiko legal la, se lajistis ki pou mande pou yo fè sa pou kapab etabli koz lanmo a e pou detèmine eta sante moun nan te ye anvan Li mouri. Yon moun pa ka deside pou kont ou pou al fè yo fè otopsi moun ou ki mouri. E Pesonn moun pa ka anpeche leta fè otopsi yon kadav menm si se te fanmiy ou.

 

Ki kote yo fè otopsi yo?

Gen Yon enstitisyon ki rele « Institut médico- legal » ki se yon òganis sante ki o sèvis dwa ak lajistis , li te kreye nan dat 31 mas 2000 aprè siyati yon konvansyon ant Ministè Lajistis ak Ministre Santé Piblik, se nan institi sa yo fè otopsi kadav yo.

 

Eske Yon paran ka anpeche yo fe otopsi fanmiy yo ?

Non se lajistis kap deside si dwe genyen otopsi.

 

Eske fanmi an ka gen rezilta otopsi a ?

Apre otopsi a medsen ekspè ki fel la ap redije rapò li e remet li bay Majistra oubyen komisè ki te mandel fel la. Fanmi an ka mande lajistis pou ba li konklizyon otopsi sa. Medsen lejis la pa gen dwa bay Li.

 

Kisa otopsi a ap detèmine?

Pwosedi otopsi a fèt pou detèmine 4 bagay espesifikman : koz lanmò a, lè moun nan mouri a, si gen mak ak domaj sou kò kadav la e domaj maladi bay e ki tip de mò eske se swisid, omisid, koz natirel.

 

Kijan otopsi à fèt menm?

Men kijan otopsi à fèt :

  1. Enstiti mediko légal jwenn demand lajistis
  2. Yo transpote kadav la nan mog lopital jeneral
  3. Medsen lejis la fè preparasyon e li komanse fè egzamen ekstèn kadav la pou wè si li pran kou si gen sikatris
  4. Yo fè radyografi kadav la pou wè si gen zo ki frape
  5. Yo egzamine vajen ou peni kadav la pou wè si gen siy agresyon seksyèl
  6. Yo pran echantiyon san pou wè si moun nan te pran dwòg oubyen alkol oubyen si se pwazon ki touyel
  7. Medsen an fann moun nan avek Yon bagay ki rele skapèl pou yo analize anndan moun nan. Si se bal Li pran pou gade dega bal la fè e retire bal la pou bay lajistis
  8. Verifye Tèt moun nan pou wè si li frape nan tèt apre sa ouvri kran nan e retire sèvo a pou egzamine li.
  9. Pou fini medsen lejis la fomile sal wè apre egzamen e pwodui rapò li pou di ki koz lanmò à.

Mande lajistis pou l òdone yo fè otopsi

Depiw gen Yon moun ki mouri ou sispèk se pa mò natirel li vreman enpotan pou fè suivi pou mande lajistis pou l òdone yo fè otopsi a. Paske si yo arete moun fòk komisè a pwouve koz lanmò a e montre relasyon zak moun yo arete yo ak kadav la. Se rapò enstiti medikolegal la ki ap ede lajistis kondane sa ki mérite kondane. Se Atik 34 kòd denstriksyon kriminèl la ki di komisè a dwe fè l akonpaye de medsen ki pou fè rapò sou koz lanmò a ak eta kadav la. Pa bliye se pa nenpòt medsen ki ka fe otopsi fok medsen lejis sa prete sèman pou sa.

 

C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.

A. Einstein.

 

Siw vle plis eksplikasyon ak detay sou dwa nan peyi Dayiti klike sou link sa pou like page la

https://www.facebook.com/fleremelaw/

Ou kapab tou ekri nou sou WhatsApp : 37011865

Pour toutes informations cliquez ici.

 

Partagez cet article

Scroll to Top
×